Accessibility links

Breaking News

Bilan Viktim Kowonaviris pou 17 Fevriye 2020: Kantite Afekte: Plis ke 70 Mil. Kantite Mò: Anviwon 1800.


Travayè lasante ki byen pwoteje tèt yo ap pran swen kèk moun ki malad ak koronaviris la nan vil Wuhan, nan Lachin, lendi 17 fevriye 2020 an.
Travayè lasante ki byen pwoteje tèt yo ap pran swen kèk moun ki malad ak koronaviris la nan vil Wuhan, nan Lachin, lendi 17 fevriye 2020 an.

Nan Lachin, otorite lasante yo fè konnen, lendi 17 fevriye 2020 an, kantite konfime moun ki trape viris ki bay maladi kowonaviris la depase 70 mil alòske kantite moun epidemii an touye preske rive mil 800. Anviwon 11 mil nan moun ki te pran maladi a deja refè. Nan pwovens Hubei, kote epidemi an te eklate a, responsab yo rapòte nan menm jounen lendi a 100 (san) lòt moun ki mouri nan moman plis espesyalis lasante ap debake nan zòn nan pou kore sistèm medikal la ki sibi anpil presyon depi epidemi an te eklate man mwa desanm 2019 la.

Direktè Jeneral OMS (Oganizasyon Mondyal Sante), Doktè Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki t ap abòde sitiyasyon an nan menm jounen lendi a, deklare chif otorite chinwa yo pibliye a sanble vle di kantite ka yo ap diminye; sepandan, daprè li, moun dwe pran anpil prekosyon lè y ap entèprete tandans epidemi an. Lidè OMS la deklare:

“Tadans yo konn chanje nan moman viris la ap afekte plis sektè nan popilasyon an. Li twò bonè toujou pou yon moun konnen si bès yo rapòte a pral kontinye. Jiskaprezan nou kite tout posiblite sou tab la.”

Direktè Jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante a, Doktè Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki t ap pale nan rankont anyèl sou sekirite nan lemond nan vil Munich, ann Almay. (Foto: REUTERS/Andreas Gebert, 15 fevriye 2020).
Direktè Jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante a, Doktè Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki t ap pale nan rankont anyèl sou sekirite nan lemond nan vil Munich, ann Almay. (Foto: REUTERS/Andreas Gebert, 15 fevriye 2020).

Doktè Ghebreyesus ajoute kowonavirisla se “yon epidemi ki trè grav e li gen potansyèl pou l ranmase plis fòs.” Sepandan li ensiste pou l di pou le moman maladi a konsantre li nan pwovens Hubei, nan Lachin. Li presize: “Andeyò de Hubei, epidemi sa a afekte yon ti pousantaj trè, trè minim popilasyon an.”

Yon lòt kote, pi fò kantite ka maladi a yo anrejistre andeyò Peyi Lachin, se pasaje yon bato kwazyè ki plase an karantèn nan pò vil Yokohama, o Japon. Pandansetan, Ozetazini otorite yo --ki t ap abòde dosye a lendi a-- fè konnen yo deja evakue plis pase 300 sitwayen ameriken ak manm fanmi pwòch yo ki te abò bato sa a ki rele Diamond Princess. Se konsa tou yon avyon ki te genyen kèk nan pasaje sa yo abò li, ateri byen bonè nan jounen an nan baz ayeryèn Travis la, nan Eta Kalifòni, tandiske kèk èdtan apre sa yon lòt te debake nan baz ayeryèn LackLand nan Eta Tegzas. Yon lòt gwoup 14 moun, ki pa t montre sentòm maladi a men ki te teste pozitif, te jwenn pèmisyon pou yo monte abò avyon sa a; sepandan responsab yo te izole yo pa rapò ak rès pasaje yo. Tout moun sa yo pral pase 14 jou an karantèn anvan yo jwennn pèmisyon pou yo repran plas yo nan sosyete a.

XS
SM
MD
LG