Accessibility links

Breaking News

Vil Medellin, nan Kolonbi, Ap Akeyi 49e Asanble Òdinè Òganizasyon Eta Ameriken yo


49 Asanble Jeneral OEA nan Medellin, Kolonbi, 26-28 Jen 2019. Foto: Anvwaye espesyal Lavwadlamerik nan Medellin, jacquelin Belizaire.
49 Asanble Jeneral OEA nan Medellin, Kolonbi, 26-28 Jen 2019. Foto: Anvwaye espesyal Lavwadlamerik nan Medellin, jacquelin Belizaire.

Vil Medellin, nan peyi Kolonbi, ap akeyi 49e Asanble òdinè Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) soti 26 pou rive 28 jen 2019 la. Tèm ki retni pou sesyon sa a se “ Inovasyon pou ranfòse Milti-Lateralism sou kontinan ameriken an.

Asanble Jeneral la se ògan siprèm òganizasyon rejyonal la e li gen yon pakèt pouvwa tankou: deside aksyon jeneral ak politik òganizasyon an, li detèmine estrikti ak fonkstyon lot ogan yo e li egzamine tout kesyon ki gen relasyon amikal ant peyi manm yo.

Eveneman sa a dewoule chak ane lakay youn nan 35 peyi manm òganizasyon emisferik la. Ane pase, li te fèt Ozetazini, an 2017 o Meksik e an 2016 li te dewoule an Repiblik Dominikèn. OEA genyen 70 manm obsèvatè.

OEA , nan misyon l soutni jefò eta manm li yo deplwaye pou redui lamizèe asisre devlopman ekonomik. Li vle kontribye tou nan ranfòsman demokratik ak bòn gouvènans sou kontinan e li travay pou fè fas ak menas pou sekirite kontinantal e kowopere pou dwa sitwayen nan rejyon an.

49èm Asanble Jeneral OEA ap dewoule nan moman genyen yon pakèt kris nan emisfè a: Kriz elektoral nan Gwatemala, kriz politik nan Nikagwa ak Ayiti, san bliye sityasyon an o Venezuela ki mete fas a fas 2 lidè 2 kan, Nicolas Maduro, yon prezidan konstete ak lidè opozisyon an e prezidan asanble Nasyonal la Juan Guaido ki gen soutyen anviwo 50 peyi, pami yo Lèzetazini ki you tout konsdidere l kòm lidè lejim peyi a.

XS
SM
MD
LG