Accessibility links

Breaking News

Viktim Sechrès nan Somali yo Kontinye Chèche Refij nan Kenya


Viktim Sechrès nan Somali yo Kontinye Chèche Refij nan Kenya
Viktim Sechrès nan Somali yo Kontinye Chèche Refij nan Kenya

Nasyonzini fè konnen refijye somalyen kontinye ap lage kò-yo nan Kenya pa bann e pa pakèt malgre efò pou soulaje kondisyon sechrès ak grangou a nan sid Somali.

Biwo afè imanitè l ONU an fè konnen nan premye semèn mwa out la, an mwayèn 1500 Somalyen rive chak jou nan kan refijye Dadaab yo nan nò Kenya.

Kantite a ogmante, konpare ak jan li te ye mwa jiyè pase a. Efò entènaysonal pou kontwole dizèt la sanble pran vitès depi kèk jou, nan moman gwoup al-Shabab la fin wete fòs li genyen yo nan kapital peyi Somali a, Mogadishu.

Pwogram Alimantè Mondyal (FAO) ak ajans refijye l ONU an te fè pon aeryen pou pote manje ann ijans nan Mogadishu e y ap pare pou òganize plis vòl toujou.

XS
SM
MD
LG