Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Viktim Kolera yo Manifeste Devan Lokal MINUSTAH a nan Moman yon Delegasyon l ONU AP Fè Yon Vizit Evalyasyon nan Peyi a


Yon cha Nasyon Zini.
Yon cha Nasyon Zini.

Dapre yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik Orpha Dessources, viktim epidemi Kolera yo òganize yon manifestasyon devan lokal Misyon Nasyon Zini pou Lapè ann Ayiti, MINUSTAH, nan moman yon delegasyon l ONU ap fè yon vizit evalyasyon nan peyi a.

Yon delegasyon Nasyon Zini kap vizite Ayiti a. 22 jen 2017.

Viktim kolera yo manifeste devan Log Base MINUSTAH pou reklame jistis ak reparasyon avan depa fòs onizyèn nan sou teritwa peyi Dayiti a. Avoka viktim epidemi an, Mèt Mario Joseph ki tap pale ak laprès nan moman an di li kwè se viktim yo menm ki pou defini fòm dedomajman Nasyon Zini dwe ba yo.

Dapre nouvèl yo, se kontenjan Nepalè ki tap patisipe nan fòs onizyèn nan ki te pote epidemi an ann Ayiti, e nan fen ane 2016 la, Sekretèk Jeneral l ONU a lepòk la Ban Ki-moon, nan yon deklarasyon nan fen ane 2016 la te mande pèp ayisyen an padon pou prezans Kolera nan peyi a. Plis pase 6 mil ayisyen pèdi lavi yo anba epidemi kolera e 500 mil lòt ap soufri anba maladi a.

Lyen: https://www.voanews.com/a/haiti-cholera-victims-demand-un-pay-for-outbreak-133438288/164615.html

Klike sou lyen odyo a pou w tande repòtaj Orpha Dessources la.

Repòtaj Orpha Dessources sou Manifestasyon Viktim Kolera yo devan Lokal MINUSTAH ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:01 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG