Accessibility links

Breaking News

Eleksyon pou Fòme yon Asanble Konstitiyant o Venezuela te Gen Fwod Ladan n, dapre yon Konpayi Teknolojik

Yon pyeton kap mache tou pre yon mi ki gen yon mesaj ki ekri sou li an lang panyòl ki vle di "Asanble Konstitiyant la se yon Magouy," Karakas, Venezyela,, 31 jiyè 2017.
Yon pyeton kap mache tou pre yon mi ki gen yon mesaj ki ekri sou li an lang panyòl ki vle di "Asanble Konstitiyant la se yon Magouy," Karakas, Venezyela,, 31 jiyè 2017.

Konpayi SmartMatic di “gen yon diferans yon milyon vwa ant kantite reyèl moun ki te patisipe nan eleksyon an ak chif gouvènman an anonse a."

Yon konpayi teknolojik ki espesyalize nan bilten vòt elektwonik e ki te suiv de prè eleksyon ki te dewoule nan Venezuela pou chanje konstitisyon an, fè konnen otorite yo te manipile vòt la e manipilasyon sa a chanje omwen yon milyon bilten. Prezidan konpayi teknolojik SmartMatic, Antonio Mugica, deklare:

Youn nan palmantè opozisyon an, Richard Blanco, ki tap pran lapawòl pandan yon sesyon nan Asanble Nasyonal la nan Karakas, Venezyela, 1 out, 2017. Julio Borges, lidè opozisyon an, kap dirije Asanble Nasyonal la, fè konnen pèp venezyelyen an dwe kontinye pwoteste kont rejim Maduro a jiskaske yo genyen eleksyon lib nan peyi a ak chanjman gouvènman.

“Nou konnen --e pa gen okenn dout sou sa-- to patisipasyon an te ba anpil nan eleksyon ki fèk dewoule nan Venezuela pou fòme yon asanble konstitiyant; se yon eleksyon otorite yo te manipile. Daprè estimasyon nou, gen yon diferans yon milyon vwa ant kantite reyèl moun ki te patisipe nan eleksyon an ak chif gouvènman an anonse a."

Misye Mugica, ki pale konsa nan yon konferans pou laprès li bay nan kapital britanik la, Lond, mèkredi 2 out 2017 la, di yon milyon vwa yo se diferans ant kantite patisipan gouvènman an pibliye ak kantite bilten sistèm elektwonik li a te konte. Li refize di si koken gouvènman Maduro a fè a kapab chanje rezilta eleksyon an, paske asanble nasyonal la, ki anba kontwòl opozisyon an, kapab sèvi ak anons konpayi elektwonik la pou l rejte rezilta vòt la.

XS
SM
MD
LG