Accessibility links

Breaking News

Vis-Prezidan Venezyela a, Tareck El Aissami, sou Lis Trafikan Dwòg Ozetazini


Vis-Prezidan Venezyela a, Tareck El Aissami. Karakas, Venezyela, 31 janvye, 2017.
Vis-Prezidan Venezyela a, Tareck El Aissami. Karakas, Venezyela, 31 janvye, 2017.

Etazini akize vis-prezidan peyi Venezuela a kòm yon tranfikan dwòg entènasyonal nan kad lwa Lingpin Act la.

Tareck Zaidan El Aissami Maddah te kontwole avyon ak wout pou dwòg pase e li te pwoteje e fasilite lòt dilè dwòg kap opere nan peyi sid-ameriken sa a, dapre sa yon gwo zotobre ameriken di laprès lendi 13 fevriye 2017 la.

El Aissami, ki te monte vis-prezidan Venezuela nan kòmansman mwa pase a, te minis enteryè ak jistis peyi a ant 2008 e 2012. Li te gouvènè eta Aragua pandan 5 lane ki pase yo.

XS
SM
MD
LG