Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Eta Ameriken an (OEA) Menase pou l Sispann Venezyela Si pa Gen Eleksyon Jeneral ki Òganize nan Peyi sa a


Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken an (OEA) Luis Almagro nan Ondiras, Tegucigalpa. Foto:17 janvye 2017.
Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken an (OEA) Luis Almagro nan Ondiras, Tegucigalpa. Foto:17 janvye 2017.

Nan peyi Venezyela, plizyè moun ki abitye kritike Prezidan Nicolas Maduro bat bravo pou apèl lidè Òganizasyon Eta Amaeriken OEA lanse pou l mande sispann peyi sa a nan òganizasyon an si otorite nan Karakas pa òganize eleksyon jeneral le pli vit posib; pandanstan gouvènman sosyalis la kap dirje peyi a kondane tout posibilite entèvansyon etranje nan zafè peyi sid ameriken an.

Madi 14 mas 2017 pase a, Sekretè Jeneral l OEA, Luis Almagro, pibliye yon rapò 75 paj kote li akize gouvènman Venezyela a dèske li vyole dwa pèp la; pami vyolasyon sa yo genyen lefèk ke gouvènman an pa respekte rezilta eleksyon lejislative 2015 la epi li mete nan prizon advèsè politik li yo. Jan de aksyon sa yo pa ann akò ak règleman ki nan Chat Demokratik Entè-Ameriken an ke Venezyela te siyen.

Carlos Barrisbetia, yon reprezantan opozisyon an nan Asanble Nasyonal peyi a deklare: “Maleresman genyen nesesite o Venezyela pou nou aplike Chat Entè-Ameriken an. Poukisa? paske yo pa respekte dwa moun, yo pa respekte dwa venezyelyen; yo vyole libète moun, yo vyole konstitisyon an.

Sepandan, minis afè etranjè Venezyela a, Delcy Rodriguez, trete lidè Òganizasyon Eta Ameriken an de “move moun.” Mesye Rodriguez deklare:

“Almagro ki se enmi pèp venezyelyen an fè yon pakèt manti sou do peyi a nan lide pou l kapab enkouraje yon entevansyon entènasyonal e pou l kapab ran la vi a ki deja chè vin pi chè toujou.

L OEA gen otorite pou sispann peyi Venezyela kòm manm òganizasyon rejyonal la si 22 nan 34 peyi manm yo ta vote pou yon rezolisyon konsa. Dapre analis Ben Raderstorf kap travay pou Inter- American Dialog, yon vòt pou sispann Venezyela nan òganizasyon rejyonal la pral fòse lidè li yo pran responsablite yo. Li pral kreye yon klima kote lòt peyi nan zòn nan pral jwenn ankourajman pou mete tèt ansam yon fason pou ede Venezyela reprann chemen demokrasi.

Angel Medina Davis, prezidan palman gwoup peyi Latino Ameriken yo di se pa sèlman OEA ki eksprime enkyetid li sou pwoblèm Venezyela antanke yon gran ekspòtatè petwòl nan rejyon ap konfwonte jounen jodi a. Plizyè minis afè etranjè peyi nan amerik latin yo di yo gen gwo kè sote tou sou dewoulman sitiyasyon an nan Venezyela.

XS
SM
MD
LG