Accessibility links

Breaking News

O Venezuela Leta ak Opozisyon an pa Antann yo sou Kantite Moun ki Mouri nan Vyolans depi Janvye 2017


Yon sipòtè opozisyon an ki kanpe devan polisye anti-emet yo e ki ap pwoteste nan Karakas kont to denflasyon an o Venezuela. 30 mas 2017. (Foto: REUTERS/Carlos Garcia Rawlins)
Yon sipòtè opozisyon an ki kanpe devan polisye anti-emet yo e ki ap pwoteste nan Karakas kont to denflasyon an o Venezuela. 30 mas 2017. (Foto: REUTERS/Carlos Garcia Rawlins)

Nan Venezuela Leta ak Opozisyon an pa Antann yo sou Kantite Moun ki Mouri nan Vyolans depi Janvye 2017

Yon biwo nan Depatman Enteryè a di kantite a se 9 mil 927; Simon Calzadilla, yon palmantè opozisyon an, di chif la pi wo toujou.

O Venezuela, daprè kalkil gouvènman an fè, preske 10 mil moun mouri nan zak vyolans atravè tout peyi a sòti nan mwa janvye 2017 pou rive nan mitan mwa dout la; sepandan kèk obsèvatè fè konnen kantite a pi wo toujou.

Yon biwo leta venezuelyen ki rele "Obsèvatwa Sekirite Venezuelyen" e ki fè pati Depatman Enteryè, Jistis ak Lapè a, pibliye lendi 28 out 2017 la yon rapò kote li di li te anresjitre 9 mil 927 ka asasina sòti premye janvye pou rive nan dat 13 out pase a.

Sepandan, Simon Calzadilla, yon palmantè opozisyon an, lage dout sou chif sa a. Li site chif ki sòti nan yon gwoup obsèvatwa venezuelyen non-gouvènmantal e ki di kantite asasina yo pa sispann ogmante nan peyi a depi kèk ane. Gwoup la di pou ane 2015 la, chif la sete 27 mil 875, epi pou ane 2016 la, kantite a te monte rive 28 mil 468.

XS
SM
MD
LG