Accessibility links

Breaking News

Prezidan Nicolas Maduro Eksprime Volonte pou Dyaloge a Prezidan Donald Trump


Prezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro devan Asanble Konstitiyant 545 manm la nan Karakas, Venezuela 10 out 2017.
Prezidan Venezuelyen an, Nicolas Maduro devan Asanble Konstitiyant 545 manm la nan Karakas, Venezuela 10 out 2017.

O Venezuela, Prezidan Nicolas Maduro deklare nan dat 10 out 2017 la li ta renmen fè yon dyalog ak nèg ki pran yon pakèt sanksyon kont li a, an palan de Prezidan ameriken an, Donald Trump.

Sepandan, Misye Maduro denonse sa l konsidere kom -- "yon agresyon enperyalis" Etazini ap fè sou Venezuela. Prezidan Maduro fè deklarasyon sa a nan yon diksou 3 zèd tan li fè devan 545 manm mouvo Asanble konstitiyant rejim li a fòme pou ekri yon lòt konstitisyon pou peyi a.

Chèf deta venezuelyen an mande minis afè etranjè li a, Jorge Arre-aza fè aranjman ki nesesè pou dyalòg sa a fèt swa nan telefòn, swa fas-a-fas. Bò kote pa l, chèf diplomasi venezuelyèn nan rejte dènye sanksyon an dat Lèzetazini pran kont li yo. Nouvèl la raple nouvo sanksyon sa yo se yon repons Washington bay lefèt ke otorite Venezuela li sanksyone yo te ede rejim Maduro a fòme asanble konstitityant la. Misye Arreaza di:

“Pèsonn pa kapab mete sanksyon sou Venezuela. Pèsonn nan mond sa a pa gen dwa moral pou l mete sanksyon sou do pèp Simon Bolivar la, ni sou do sitwayen peyi sa a. Nou rejte absoliman agresyon lanpi ameriken an.”

Pandanstan, Washington pran desizyon pou l mete sanksyon sou 8 lòt otorite nan rejim Prezidan Nicolas Maduro a aprè gouvènman Trump la te mete sanksyon sou Prezidan Maduro li menm ak 13 lòt ofisyèl Venezuelyen nan dat 26 jiyè pase a.

XS
SM
MD
LG