Accessibility links

Breaking News

8 Lòt Ofisyèl Gouvènman Venezuelyen an Tonbe Anba Sanksyon Lèzetazini


Sesyon Asanble Nasyonal Konstitiyant Venezuela a nan Karakas, 8 out 2017.
Sesyon Asanble Nasyonal Konstitiyant Venezuela a nan Karakas, 8 out 2017.

Sanksyon sa yo pral jele tout avwa otorite konsène yo ki pa ka vwayaje Ozetazini epi òm-dafè ameriken pa ka fè biznis nan Venezuela.

Ozetazini, gouvènman Trump la enpoze sanksyon sou 8 lòt ofisyèl nan peyi Venezuela poutèt yo ede rejim Maduro a enstale yon asanble konstitiyant ki ranfòse pouvwa rejim nan. Se Depatman Trezò Piblik ameriken an ki anonse sanksyon yo jodi mèkredi a.

Sanksyon sa yo pral jele tout avwa otorite konsène yo -pami yo nou jwenn yon frè defen prezidan Hugo Chavez. Se konsa tou sanksyon yo anpeche tout ofisyèl venezuelyen yo vwayaje Ozetazini e yo mete entèdiksyon pou òm-dafè ameriken fè biznis nan Venezuela. Dapre Minis Trezo ameriken an, Steve Mnuchin, objektif asanble konstityant la se ranfòse grapen Prezidan Maduro sou pouvwa a.

Pandansetan, nan Venezuela menm, asanble konstitiyant la pibliye yon deklarasyon kote li plase tèt anlè tout pouvwa nan gouvènman an: egzekitif, lejislatif ak jidisyè); dikonk li sou tèt palman an ki anba kontwòl opozisyon an. Sepandan palman an sèmante li pap kite pouvwa li bay asanble a menm si kò konstitiyan an menase pou l wete tout otorite nan men kongrè a epi elimine iminite palmantè yo.

Prensipal misyon asanble a ki genyen 545 manm se ekri yon lòt konstitisyon pou Venezuela. Li chaje ak patizan Prezidan Maduro ki sòti nan yon eleksyon ki te dewoule nan dat 30 jiyè pase a, malgre Lèzetazini di sete yon eleksyon fo mamit.

XS
SM
MD
LG