Accessibility links

Breaking News

O Venezuela, 98 Pousan nan 7 Milyon Elektè Rejte Plan Politik Gouvènman Maduro a


Volontè kap konte bilten vòt referandòm16 jiyè 2017 la o Venezuela.
Volontè kap konte bilten vòt referandòm16 jiyè 2017 la o Venezuela.

Nan peyi Venezuela, plis pase 7 milyon elektè patisipe nan yon referandòm ki pa ofisyèl e ke opozisyon òganize dimanch 16 jiyè 2017 la. Rezilta yo montre 98 pousan patisipan yo vote pou yo denonse mank lejitimite rejim Prezidan Nicolas Maduro ap dirije nan Karakas la; rezilta sa a jwenn konfimason analis politik ki tap suiv dewoulman vòt la.

Elektè venezuelyen yo te gen pou reponn 3 kesyon fondamantal; konsa yo rejte kategorikman pwopozisyon gouvènman an fè pou l bay peyi a yon kò lejislatif puisan; dezyèmman se yon apèl yo lanse bay lame pou l sèvi ak enfliyans li pou defann konstitisyon aktyèl la; epi, 3èmman, sitwayen venezyelyen yo apiye plan pou eleksyon dewoule anvan Mesye Maduro rive nan fen manda li an 2019.

Bò kote pa l, prezidan venezuelyen an rejte referandòm nan e li konsidere li kòm yon aksyon enkonstitisyonèl. Se konsa Misye Maduro kontinue mennen kanpay pou l jwenn apui pèp la pou yon eleksyon gouvènman an fikse pou 30 jiyè kap vini la a e ki ta ka pèmèt li enstale yon asanble kontitiyant ki pou re-ekri manman lwa Venezuela a. Daprè opozisyon an, objektif yon pwojè gouvènmantal konsa se kraze enstitisyon leta yo.

XS
SM
MD
LG