Prezidan Venezuela a Hugo Chavez revele timè yo retire nan rejyon Pelvis li semèn pase a , se mènm ak sa yo te retire nan mènm zòn nan ane pase a.
Timè sa a te gwosè yon boul "baseball". Mesye Hugo Chavez te ale Kiba pou l te sibi operasyon sa a, menm jan li te fè ane pase.
Lidè Venezuelyen an ki gen 57 tan di li pral gen pou l fè yon seri tretman chimyoterapi. Li di kansè a pa sanble li gaye lòt kote nan kò li.
Yo te difize komantè msye Chavez yo sou televizyon leta nan peyi Venezyela. Lidè a te anrejistre deklarasyon sa yo samdi nan peyi Kiba, li te gen plizyé minis gouvèman an ki akonpaye l , ak tout frè li a, Adan Chavez.