Prezidan venezuelyen an Hugo Chavez menase pou l nasyonalize yon bank espayòl ke l akize dèske li refize prete lajan bay moun ki bezwen prete lajan pou kontwi kay.
Nan yon diskou televize, Prezidan Chavez deklare gouvènman ap pran kontwòl Banco Provencial ki pa sèvi moun k ap chèche lajan prete pou yo achte kay.
Banco Provincial se youn nan pi gwo Bank Venezuela. Bank la fè konnen li gen plis pase 50 tan depi l ap soutni finasyèman plizyè milye fanmi k ap eseye achte kay e ane pase li te prete lajan bay 3 mil 256 fanmi.
Bank la renouvle volonte li genyen pou l rete Venezuela e soutni pwogrè sosyte venezuelyèn nan .