Televizyon Leta a o Venezuela, difize, mèkredi 29 jen 2011 la, foto ak videyo tou fre ki montre Prezidan Hugo Chavez ki pwolonje sejou li nan Kiba apre operasyon li te sibi nan dat 10 jen 2011 la.
Operasyon sa a pwovoke anpil rimè sou eta sante lidè a . Nouvo imaj yo montre Prezidan Chavez k ap mache e pale ak zanmi li, ansyen lidè kiben Fidel Castro.
2 mesye yo te twouve yo nan yon jaden nan Kiba. Sou videyo a, Prezidan Chavez sanble genyen tout lisidite l sou li; li pale anpil pandan li menm ak mesye Castro t ap diskite sou sa ki ekri nan dènye edisyon jounal Leta kiben an, Granma