Accessibility links

Breaking News

O Venezuela: Pèp la Pa Ka Manje - Kòmand Prezidan Maduro nan yon Restoran Koute Plizyè Santèn Dola


Prezidan Maduro ki t ap pale ak repòtè yo nan yon konferans pou laprè nan Palè Miraflores, nan Karakas, kapital Venezuela, nan jounen madi 18 septanm 2018 la.
Prezidan Maduro ki t ap pale ak repòtè yo nan yon konferans pou laprè nan Palè Miraflores, nan Karakas, kapital Venezuela, nan jounen madi 18 septanm 2018 la.

Video ki montre Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, ki t ap pran plezi li ak yon "filet mignon" nan yon restoran delit, pwovoke reyaksyon atravè lemond antye, reyaksyon ki atire atansyon sou le fèt ke l ap byen manje alòske peyi li nan povrete.

Reyaksyon negatif sa a pa anpeche Prezidan Maduro voye yon mesaj-konpliman bay kuizinye an chèf restoran an, Nusret Gokce. Lidè sid-ameriken an ajoute li te pase yon bon jan moman nan restopran Nusr-Et nan vil Istanboul, kote chak moso vyann kapab koute plizyè santèn dola.

Opozisyon politik la nan Venezuela fè konnen manje sa a se yon siyn ki montre a-klè Maduro dekonekte totalman ak kriz peyi a ap travèse a, yon peyi kote plizyè milyon moun nan lamizè tandiske gen anpil lòt k ap kouri kite Venezuela pou yo ale chache manje ak medikaman nan peyi vwazen.

Daprè yon sondaj dopinyon Meganalisis ki te parèt sa pa gen lotnan nan jounal Miami Herald, plis pas 30% moun nan popilasyon an o Venezuela deklare se yon sèl fwa sèlman yo manje pa jou, e preske 8 sou chak gwoup 10 venezuelyen fè konnen li difisil anpil pou yo jwenn manje.

XS
SM
MD
LG