Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Eleksyon: Capriles vs. Chavez


Henrique Capriles
Henrique Capriles

Nan peyi Venezuela, gouvènè eta Miranda a, Henrique Capriles, ki te ranpòte eleksyon primè ki fèt nan mitan koalisyon opozisyon an, pral tounen sèl kandida ki pral anfas Prezidan Hugo Chavez nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan mwa oktòb ane sa a.

Responsab nan opozisyon an presize, dimanch ki sot pase la a , gouvènè Capriles te ranpòte 62 pousan vwa yo, sa ki reprezante plis pase doub sa rival ki pi pre l la rekòlte an palan de Pablo Perez .

Yon lòt kote, sondaj opinyon ki fèt nan mitan popilasyon an montre mesye Chavez twouve l devan mesye Capriles nan entansyon vòt yo.

XS
SM
MD
LG