Accessibility links

Breaking News

Venezuela Eleksyon: Pati Sosyalis Chavez la kriye Viktwa


Venezuela Eleksyon: Pati Sosyalis Chavez la kriye Viktwa
Venezuela Eleksyon: Pati Sosyalis Chavez la kriye Viktwa

O Venezuela, otorite Konsèy Elektoral Nasyonal la fè konnen pati ki sou pouvwa a (Pati Solyalis Prezidan Hugo Chavez la) ranpòte majorite syèj yo nan eleksyon lejislativ ki dewoule dimanch 26 spetanm 2010 la, men li pa rive ranpòte 2/3 vwa li te bezwen pou l fè pase gwo pwojè-lwa li anvizaje yo.

Daprè sa otorite yo nan Konsèy la fè konnen byen bonè lendi27 septanm 2010 la, pati prezidan Chavez la ranpòte o-mwen 90 sou 165 syèj yo, tandiske kowalisyon opozisyon an genyen 59 syèj pou pi piti. Tibisay Lucena se prezidan konsèy elektoral nasyonal la.

Li deklare: “Mwen di felisitasyon, paske sete yon gwo evennman elektoral; sete yon gwo batay elektoral."

Daprè kèk nan lidè opozisyon an, rezilta eleksyon an montre elektora venezuelyen an pote yon gwo apui bay sektè ki opoze ak gouvènman Chavez la. Nan Caracas youn nan lidè sa yo, Maria Corina Machado, fè konnen venezyelyen yo pa vle pou moun pouse peyi yo monte sou chemen kominis la.

"Nou revoke asanble nasyonal aktyèl la; se poutèt sa, nou menm, nouvo depite yo ki jwenn lejitimite nou jounen jodiya, nou pral defann tout venezuelyen, nou pral reprezante tout venezuelyen san diskriminasyon."

Bò kote pa l, Pablo Perez, gouvènè eta Zulia ki nan pati nodwès peyi a, fè konnen si sistèm elektoral la anpeche opozisyon an ranpòte 52% vwa yo, gen yon bagay ki klè: sè ke rezilta a reprezante yon viktwa pou opozisyon an.

Misye Perez di: "Kantite vwa ki ale jwenn opozisyon an pa rive ba li chif 52 pou san vwa popilè yo. Men se yon viktwa pou li, e li dwe konnen kijan pou l jere viktwa sa a."

Anpil nan elektè venezuelyen yo fè konnen nouvo asanble nasyonal la dwe pare pou li atake gwo pwoblèm Venezuela ap konfwonte jounen jodiya- ---pami yo nou jwenn yon enflasyon ki pa sispann monte, chomaj mete sou krim vyolan ki asosye ak trafik dwòg

XS
SM
MD
LG