Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Jan Prezidan Maduro te Deja Anonse l la, Lapolis Arete 2 Lòt Jij Ki te Jwenn Nominasyon Opozisyon an


Sipòtè opozisyon an nan yon rasanbleman pou onore moun ki viktim vyolans pandan pwotestasyon kont prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro. Karakas, Venezyela, 24 jiyè 2017.
Sipòtè opozisyon an nan yon rasanbleman pou onore moun ki viktim vyolans pandan pwotestasyon kont prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro. Karakas, Venezyela, 24 jiyè 2017.

O Venezuela, otorite sèvis sekrè yo arete, madi 25 jiyè 2017 la, 2 lòt jij ke palman an, ki anba kontwòl opozisyon an, te nonmen malgre pezidan Nicolas Maduro pat dakò ak nominasyon yo.

Non 2 jij sa yo se: Jesùs Rojas Torres ak Zuleina Gonzalez. se 2èm e 3èm jij opozisyon an te nonmen ke rejim Maduro a arete. Samdi pase a, lapolis sekrèt te poze arestasyon jij Angel Zerpa. Nan menm wikenn nan, Prezidan Nicolas Maduro te fè yon diskou televize kote li te menase pou l fè mete jij sa yo anba kòd.

Nan menm diskou a, Mesye Maduro te atake vèbalman Prezidan ameriken an, Donald Trump, ak divès lidè latino-ameriken, poutèt yo pale piblikman pou kritike e denonse plan otorite Karakas yo genyen pou fè re-ekri konstitisyon venezuelyèn nan.

XS
SM
MD
LG