Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Aksyon Legal Kont Nasyonalizasyon


O Venezuela, responsab pi gwo konpayi asye a di yo pare pou pran aksyon legal kont plan Prezidan Hugo Chavez genyen pou l nasyonalize konpayi sa a.

Komite direktè konpayi asye Sidetur la pibliye yon kominike lendi premye novanm 2010 la pou li mande gouvènman venezyelyen an pran an konsiderasyon konsekans sa pral genyen sou preske 2 mil anplwaye k ap travay nan sosyete sa a. Prezidan Chavez ki te fè anons la dimanch 31 oktòb 2010 ki sot pase la a presize gouvènman an ap dedomaje konpayi a kòrèkteman.

XS
SM
MD
LG