Nan Venezuela, responsab yo rejte nouvèl ki fè konnen Prezidan Hugo Chavez kapab gravman malad nan moman manm nan opozisyon politik la ap egzije bon jan enfòmasyon sou eta sante chèf leta a , plis pase 2 semèn apre li te sibi yon operasyon nan peyi Kuba. Prezidan Chavez pa parèt an piblik depi operasyon 10 jwen l lan pou yon « absè pèlvyen ».
Responsab nan gouvènman an fè konnen prezidan an ap reprann ni e l ap prezan nan ouvètiyon somè rejyonal ki fikse pou 5 jiyè pwochen ki ap ko-enside ak 200e anivèsè endepandans Venezuela nan men Lespay.
Advèsè prezidan an deklare mesye Chavez ak kolaboratè l yo ta dwe fran-e-sensè sou dosye sante sa a . Kèk politisyen nan opozisyon an di vis-prezidan an Elias Jaua ta dwe ranplase mesye Chavez nan pouvwa a jiskaske li retabli l, yon demand mesye Jaua refize.