Accessibility links

Breaking News

"Vandredi Nwa" o Zetazini: Jounen Gwo Lavant, Jounen Likidasyon


"Vandredi Nwa" o Zetazini: Jounen Gwo Lavant, Jounen Likidasyon
"Vandredi Nwa" o Zetazini: Jounen Gwo Lavant, Jounen Likidasyon

O Zetazini, depi nan nuit jedi 24 novanm nan (Thanksgiving Day ou Jounen Aksyon de Gras) pou rive jous nan maten jounen vandredi 25 la, moun k ap fè shopping te rasanble menm anba gwo fredi devan pòt magazen ki potko menm ouvè, pou yo achte divès kalte atik ki nan likidasyon aprè jounen Thanksgiving nan.

Jounen vandredi sa a, ki lanse sezon shopping fèt fen dane a, rele an angle “black friday” oubyen “vandredi nwa”, kote magazen yo espere fè gwo pwofi sou lavant yo.

Ane sa a gen anpil magazen ki pa t menm tann jounen vandredi a pou yo te kòmanse ofri likidasyon ki mache jeneralman ak vandedi nwa a; depi byen bonè nan jounen Thanksgiving nan, yo te deja ouvè pòt yo alòske nomalman se yon jou kote yo abitye pran konje pou pèmèt anplwaye yo pase fèt la ak fanmi yo.

Nouvèl yo di se ak gwo lajwa, lakontantman, achtè yo te prezante byen bonè pou yo pwofite bèl okazyon magazen yo ba yo pou yo achte sa yo bezwen a bon mache: youn nan atik achte yo plis vize nan okazyon an, se yon aparèy televizyon ak ekran plat, 42 pous, ki nòmalman vann pou plis pase 600 dola; nan jounen vandredi nwa a, yo kapab achte li pou 200 dola sèlman (si estòk la pa fin epuize).

XS
SM
MD
LG