Accessibility links

Breaking News

"Piblik la Dwe Gen Konfyans nan yon Vaksen Kont KOVID-19 pou L Aksepte Itilize Li", Avètisman Doktè Fauci


Doktè Anthony Fauci, ki t ap fè depozisyon li devan yon komisyon Kongrè a madi 30 jen 2020 an. (Foto Achiv).

Pi gwo espesyalis ameriken nan domèn maladi enfektyez yo, Doktè Anthony Fauci, ki se direktè Enstiti Nasyonal Sante Lèzetazini an, lanse yon avètisman kote li di menm si genyen gwo pwogrè ki fèt nan efò espesyalis yo ap deplwaye atravè lemond pou yo pwodui yon vaksen kont kowonaviris, fòk piblik la gen konfyans ke vaksen sa yo pa poze pyès danje pou moun, yo efikas epi yo nesesè. Nan yon entèvyou eksklizif Doktè Fauci bay ajans nouvèl Associated Press nan jounen madi 28 jiyè a, li deklare devlopman kèk vaksen kont kowonaviris ap avanse rapidman akoz sa I rele “karaktè ijan sitiyasyon an”. Sepandan sa kapab bay kèsote, paske moun ka poze kesyon pou yo mande èske yon vaksen konsa mache ak yon garanti pou sekirite moun k ap pran l yo.

Doktè Fauci kontinye pou l di sa pral mande yon bon kanpay edikasyon piblik ak piblisite pou fè moun yo mete konfyans yo nan tout nouvo vaksen. Espesyalis la kontinye pou l di :

“Nou vle gen garanti ke nou ofri tout transparans posib, ke moun yo rive konprann, si nou aji avèk rapidite, sa pa vle di nou sakrifye sekirite yo ni non plis tou nou sakrifye entegrite syantifik pwosesis la.”

Anthony Fauci fini pa di otorite sante piblik yo ak lidè politik yo pral genyen pou yo fè fas tou avèk 3 lòt obstak: 1. Mefyans moun sa yo ki pa kwè ke yon vaksen se yon bagay ki ofri sekirite; 2. Dout moun sa yo ki pa kwè nan lasyans; epi 3èman: Retisans moun sa yo ki pa renmen zòt k ap pran poz yo konnen, moun sa yo ki pa renmen non plis pou zòt vin di yo kisa pou yo fè.

XS
SM
MD
LG