Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID) di Lavwadlamerik ajans la deja bay pwodwi sekou pou distribye nan zòn ki afekte akoz pasaj siklòn Tomas ann Ayiti.
Phil Gilman, se chèf dekip USAID nan repiblik karayib la. Li deklare bato ameriken USS Iwo Jima deja kòmanse voye elikoptè al fè evalyasyon dega yo nan zòn afekte yo. Phil Gilman ap reponn kesyon Ronald César.
Klike sou ikon MP3 ki anlè e adwat atik la pou w koute entèvyou Ronald César fè ak Phil Gilman sou asistans Etazini bay Ayiti nan kad pasaj siklòn Tomas a.