Prezidan Joe Biden te siyen yon dekrè sou 9 Septanm ki mande pou moun ki ap travay pou leta pran vaksen, oubyen yo dwe teste regilyèman.
Lamezonblanch te bay anplwaye federal yo jiska 22 Novanm pou yo respekte nouvo obligasyon sante sa a.
99% anplwaye FBI yo respekte dat limit 22 Novanm lan, IRS vaksinen a 98%, "prèske 25% nan anplwaye IRS yo te pran vaksen apre anons prezidan an te fè a".
Jeff Zients ki se konseye prezidan te deklare "Objektif la se pwoteje travayè yo, men pa pou pini yo."
Administrasyon Biden nan te aplike tou yon obligasyon pou pran vaksen COVID-19 kont konpayi prive ki gen plis pase 100 anplwaye, men yon tribinal te bloke desizyon sa.