Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Lap Kite UNESCO; Peyi Izrayèl Di Lap Fè Menm Jan an Tou a


 Bilding UNESCO a nan vil Pari, Frans.
Bilding UNESCO a nan vil Pari, Frans.

Etazini fè konnen l ap wete kò l nan UNESCO, e li akize òganizasyon an kòmkwa l ap fè pati-pri "kont Israel." Pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert, ki fè yon deklarasyon sou dosye a, fè konnen:

"Se pa yon desizyon nou pran a la lejè; li reflete preokipasyon Lèzetazini devan dèt UNESCO ki pa sispann ogmante, nesesite pou refòm fondamantl fèt nan ajans la, ak pozisyon UNESCO sou Izrayèl ki chaje ak pati-pri."

Lokal UNESCO a.
Lokal UNESCO a.

Depatman Deta konfime Retrè Etazini an ap fèt nan dat 31 Desanm k ap vini an. Kèk èd tan. Apre anons Depatman Deta a, peyi Izrayèl, li menm tou, fè konnen li pral kite UNESCO.

XS
SM
MD
LG