Accessibility links

Breaking News

Pa Pral Gen Ti Akò Dèyè Manman nan Sengapou Dapre Sekretè Deta Pompeo


Soti adwat rive a agoch: Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo, Prezidan Donald Trump, chèf pèsonèl Lamezon Blanch John Kelly nan dejene travay nan Sengapou ak premye minis Sengapou a Lee Hsien Loong, 11 jen 2018.
Soti adwat rive a agoch: Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo, Prezidan Donald Trump, chèf pèsonèl Lamezon Blanch John Kelly nan dejene travay nan Sengapou ak premye minis Sengapou a Lee Hsien Loong, 11 jen 2018.

Lamezon Blanch fè konnen rankont ant Prezidan Trump ak lidè nò-koreyne an pral pi kout ke jan yo te panse l la e ke lidè ameriken an ap kite Sengapou nan fen jounen madi 12 jen 2018 la apre rankont la.

Dapre menm nòt la, Prezidan Trump pral gen yon tèt a tèt ak lidè Kim e se sèlman 2 tradisktè yo kap nan sal la kote 2 lidè pral rankontre a. Pral kontinye gen lòt dejene travay bilateral anvan rankont Mesye Trmp ak Kim nan; e pami moun kap la yo, ap gen Sekretè Deta Mike Pompeo, Chèf pèsonèl Lamezon Blanch la John Kelly, ak konseye sekirite nasyonal Etazini John Bolton.

Prezidan an ap gen pou l adrese l ak laprès avan li pran avyon pou Washington. Ofisyèl ameriken yo kanpe fèm sou pozisyon yo nan kad negosyasyon sa a yo ki dapre yo dwe abouti sou eliminasyon zam nikleyè ak misil balistik Kore di Nò yo.

Pa pral gen ti akò dèyè manman jan adminstrasyon pase yo te fè l la ak Kore di Nò a, Sekretè deta ameriken an Mike Pompeo di nan laprès nan Sengapou. "Objektif prensipal nap chache nan rankont diplomatik sa a ak Kore di Nò pa chanje--nou dwe kapab verifye eleminasyon konplèt tout sit nikleyè Kore di Nò yo--se sèl rezilta Etazini ap chache."

Si manèv diplomatik yo pa mache nou pral ogmante sanksyon yo jiskaske nou verifye eliminasyon zam destriksyon masiv nò-koreyen yo."

XS
SM
MD
LG