Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sena Ameriken an Jwenn yon Konpwomi pou yon Vòt sou Reouvèti Gouvènman Federal la


 Kongrè Ameriken an
Kongrè Ameriken an

Sena Etazini an ap fè yon vòt enpòtan kounye a pou mete fen nan fèmti gouvènman federal la. Vòt sa a ap fèt aprè yo te jwenn yon konpwomi.

Premye nouvèl yo te fe1 kwè lidè majorite nan Sena ameriken an, Mitch McConnell, te prevwa yon vòt lendi 22 janvye 2018 la vè midi, dekwa pou eseye relouvvri gouvènman federal Etazini an ki fèmen depi vandredi 2o jnvye 2018 la a minui.

Palmantè ameriken yo gen pou vote sou yon mezi ki vize finanse gouvènman an jiska 8 fevriye 2018. Senatè McConnell di: Sizoka, nou pa reyisi rezoud pwoblèm yo nan dat ki fikse a, entansyon mwen se soumèt yon pwopozisyon lwa kap gen ladann dosye DACA a, sekirite fwontyè a ak lòt pwen ki makònen ak kesyon an.

"Mwen gen entansyon parèt tou ak yon lwa pou ogmante bidjè depans pou depatman defans la, asistans nan ka dezas natirèl ak lòt dosye ankò," Senatè Mitch McConnell ajoute.

XS
SM
MD
LG