Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Jwenn yon Antant pou Gouvènman Federal la Pa Fèmen


زندگی روزمرهٔ دختران در روستاهای کشمیر
زندگی روزمرهٔ دختران در روستاهای کشمیر

Lidè yo nan Sena Ameriken an anose senatè yo jwenn yon antant pou gouvènman federal la rete louvri. Gouvèman federal ameriken menase pou l te fèmen ankò 8 fevriye kap vini la si Demoikrat yo ak Repibliken yo pa rive antann yo sou bidjè a.

Demokrat yo tap mande pou gen yo desizyon sou pwogram DACA a yon fason pou kontinye pwoteje ti moun ki te antre Ozetazini sa papye pou imigrasyon pa depòte yo.

Repibliken yo pat vle dako pale de DACA pandan yap negosye sou bidjè a, e sa te lakoz gouvènman federal la fèmen pandan kèk jou. Prezian ameriken an, te voye pwogram DACA bay Kongrè lèlè a te rive pou l te pran yon desizyon sou sa, e si palmantè yo pa deside, avan lontan, plizyè santè milye timoun ak jèn pral fè fas ak menas depòtasyon.

Antant senatè yo pral pèmè yon solisyon nan bidjè Lèzetazini an pou 2 zan. Kote lame peyi a jwenn yon ogmantasyon nan finans li. Lajn pou pwogram domestik yo yo ogmante tou. Chanm dè reprezantan an ap gen pou deside sou bidjè a ki apre sa pral jwenn Prezidan Donald Trump pou dènye siyati.

XS
SM
MD
LG