Accessibility links

Breaking News

Dapre Senatè Mark Warner Nenpòt Tantativ pou Revoke Anketè Robert Mueller Ap yon Abi Pouvwa


Senatè Demokrat eta Virjiji an, Mark Warner, manm Komisyon Dankèt Sena Ameriken ann,kap mennen ankèt sou enfliyans Larisi nan kous prezidansyèl 2016 yo. Capital Hiils , Washington. 22 jen 2017.
Senatè Demokrat eta Virjiji an, Mark Warner, manm Komisyon Dankèt Sena Ameriken ann,kap mennen ankèt sou enfliyans Larisi nan kous prezidansyèl 2016 yo. Capital Hiils , Washington. 22 jen 2017.

Senatè demokrat eta Virjini, Mark Warner, pwononse yon diskou madi 20 desanm 2017 la, kote li lonje dwèt sou yon koral chaje ak vwa iresponsab e enpridan kap mande pou mete fen nan ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen, pou detèmine si wi ou non te genyen lyen ant Larisi ak kanpay elektoral Prezidan Donald Trump la an novanm 2016.

Senatè Warner presize: "Demach sa a gen posiblite pou pwovoke yon kriz konstitisyonèl Ozetazini." Mesye Warner, ki se vis prezidan komisyon ransèyman nan Sena ameriken an, kontinye pou l di: " Revokasyon gwo pèsonalite ki enplike nan envestigasyon Larisi a, pral lage dout sou angajman administrasyon Trump la pou l di la verite, e, anmèmtan tou, vyole konsèp de baz nou genyen sou eta de dwa."

Ansyen Direktè FBI la, Robert Mueller, konseye espesyal kap mennen ankèt sou enfliyans Larisi nan prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.
Ansyen Direktè FBI la, Robert Mueller, konseye espesyal kap mennen ankèt sou enfliyans Larisi nan prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.

Dapre Mesye Warner, si prezidan an ta revoke Robert Mueller nan pòs komisè espesyal la oubyen pou deside padone temwen enpòtan, dekwa pou kache responsablite yo e bloke envestigasyon an, se tap yon gwo kokenn abi pouvwa".

XS
SM
MD
LG