Accessibility links

Breaking News

Etazini/ Larisi: Konsila Ameriken an nan Moskou Pral Sispan Bay Viza Non-Imigran


Machin kap pase devan Anbasad amerikan an nan Moskou . 21 out 2017.
Machin kap pase devan Anbasad amerikan an nan Moskou . 21 out 2017.

Lezetazini pral sispann bay visa non-imigran depi Larisi a pati mekredi premye septanm 2017 kap vini la, dapre anbasad ameriken nan Moskou.

Anbasad la fè konnen aksyon sa a se akoz gouvènman ris la enpoze yon limit sou kantite anplwaye li ka genyen. Tout operasyon viza non-imigran nan tout Larisi pral sispann nan dat 23 Out. Operasyon sa yo pral rekomanse nan Moskou nan dat premye septanm.

Operasyon viza nan konsila ameriken an pral sispann endefiniman. Nouvel sa a soti nan yon kominike anbasad la fè paret lendi 21 out 2017 la. Daprè kominike sa a, tout randevou pou viza non imigran anile.

XS
SM
MD
LG