Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump, Fè Pòtoriko Konnen 'Èd Federal Lap Resevwa apre Siklòn yo Pa Pral la pou Tout Tan'

Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan mitan, ak direktè Biwo dezas ak sekou Eatzini an( FEMA), Brock Long, ak Lt. Jen. Jeff Buchanan nan Pòtoriko pou evalye dega siklòn nan te fè nan teritwa ameriken sila a. 3 oktòb 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse avètisman bay Pòtoriko sou Twitter pou l di ke èd federal teritwa ameriken an ap resevwa apre siklòn fin ravaje li, pa pral la pou tout tan.

Gouvènè Pòtoriko a, Ricardo Rosello --ki tap reyaji sou avètisman Prezidan Trump la pale pou l di: "Sitwayen ameriken ki nan Pòtoriko yo ap mande menm apui ke nenpòt ki sitwayen ameriken ta dwe resevwa atravè tout Lèzetazini."

Misye Rosello pale konsa kèk èd tan sèlman apre Misye Trump te ekri sou Twitter pou l di genyen limit nan asistans gouvènman federal la ap bay Pòtoriko, nan moman zile a ap redi pou l leve anba divès siklòn ki te frape li sa pa gen lontan.

XS
SM
MD
LG