Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Di Administrasyon li an," Se yon Machin Kap Woule Dous e Kap Chanje Pyès li"


Prezidan ameriken an Donald Trump ki tap reponn kesyon laprès nan sal Roosevelt la nan Lamezon Blanch. Mèkredi 29 out 2018. (Foto: AP/Alex Brandon)
Prezidan ameriken an Donald Trump ki tap reponn kesyon laprès nan sal Roosevelt la nan Lamezon Blanch. Mèkredi 29 out 2018. (Foto: AP/Alex Brandon)

Prezidan Etazini an Donald Trump lanse nouvo atak jedi 30 out 2018 la kont medya ki fè sikile nan tout peyi a repòtaj ki prezante Mezon Blanch kòm yon dezòd, ak yon lis anplwaye enpòtan ki kite l, e prezidan an deklare ke olye de sa, l ap dirije "Yon machin kap woule dous e kap chanje pyès li".

Prezidan Trump fè konnen pitit fi li Ivanka Trump ak mari li Jared Kushner, 2 konseye nan Mezon Blanch, pa gen okenn rapò ak pawòl ki sikile nan medya yo, ke Mesye Trump kalifye kòm "medya fo nouvèl", ki fè konnen se 2 manm fanmi sa yo ki ta fòse "mete deyò" nan semèn k ap vini yo avoka Mezon Blanch Don McGahn poutèt li ta manke sipòte Mesye Trump.

XS
SM
MD
LG