Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Sèmante pou l Konstwi yon Gwo Miray ant Etazini ak Meksik Jan l te Pwomèt li a

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, nan Phoenix, Arizona madi 22 out 2017.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, nan Phoenix, Arizona madi 22 out 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ajoute pandan rasanbleman popilè nan eta Arizona madi 22 out 2017 la nan aswè yon lòt kouch sou nosyon ki fè konprann tout moun kont li, yon demach ki te sèvi kòm chwal batay li nan peryòd kanpay la.

Konsa, lokatè Mezon Blanch la lanse atak abityèl li yo kont medya ameriken yo ak opozan politik li yo. Sepandan, li mentni angajman li te pran pou konstwi yon mi sou fwontyè Lèzetazini pataje ak Meksik pou bloke imigran ilegal, yon deklarasyon ki bay moun plis enkyetid.

Prezidan an di, "Konstwi mi a, kounye a , demokrat yo ki renmen bare chemen an tap byen kontan pou wè nou pa fè sa. Men kwè m si ou vle, nap bati mi sa a, menm si nou oblije fèmen gouvènman an."

Prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak patizan li yo nan Phoenix, Arizona. 22 out 2017.
Prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak patizan li yo nan Phoenix, Arizona. 22 out 2017.

Lidè ameriken an pale an daki pou di, li byen kapab entèvni pou padone Cherif Joe Arpaio, ki tap okipe pòs sa a nan awondisman Maricopa, ann Arizona, yon nonm ki te kanpe an kwa kont imigran ilegal. Prezidan Trump kontinye pou l di:

“Mwen pa pral fè sa aswè a la a, an palan de padone Joe Arpaio, paske mwen pa vle lakoz pale anpil, eske nou dako? Men Cherif Joe kapab santil anfòm kounye a."

Apre sa, Prezidan Trump te kontinye ap chofe foul la ak slogan prefere li a an palan de: "Nou pral mete Lèzetazini kanpe sou 2 pye militè li ankò."

Opozan Prezidan Trump yo kap pwoteste devan sant ki rele, Phoenix Convention Center a 22 out 2017, nan Phoenix, pandan prezidan an te anndan an e li tap fè diskou devan plizyè milye patizan li ki te reyini.

Pandan Mesye Trump tap chofe anbyans la ak patizan li yo, yon fou l moun deyò a tap manifeste kont politik gouvènman li an kote yo tap voye toya sou lokatè Mezon Blanch la avèk pankat nan men yo.

XS
SM
MD
LG