Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Lanse Kèk Kritik Kont Senatè Repibliken yo Apre Echèk Vòt Kont ObamaCare


Prezidan Ameriken an, Donald Trump.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ekri sou kont Twitter li samdi 29 jiyè 2017 la pou l di, “ Repibliken yo nan Sena a aji tankou yon bann moun ki pa konn sa yap fè.” Lokatè Mezon Blanch la sidjere Sena a pou l elimine sa yo rele “filibuster”a ki se yon prensip ki pèmèt Demokrat yo oubyen pati minoritè a fè obtrisksyon pou anpeche yon pwojè lwa vote nan Gran Kò a, menm kan sa pa ta pral ede vòt sou plan swen sante Repibliken yo pwopoze pou ranplase ObamaCare la.

Mesye Trump kontinye pou l di: “Repibliken yo pap janm genyen si yo pa elimine afè 60 vòt la. Li lè li tan pou retounen ak prensip 51 vòt la kòm sèl mwayen pou yo rive genyen.”

Bò kote pa yo, Demokrat yo aplodi desizyon 3 senatè Repibliken yo ki vote kont plan lwa sou swen sante a ki tap pral ranplase kèk pati nan ObamaCare la.

Lidè minorite a nan Chanm Wot la, Senatè Chuck Schumer.
Lidè minorite a nan Chanm Wot la, Senatè Chuck Schumer.

Demokrat yo chante lwanj pou senatè repibliken John McCain ki ede yo koze defèt pwopozisyon lwa nan nuit jedi 27 pou rive vandredi 28 jiyè 2017 pase a.

Lidè majorite Demokrat la nan Chanm Wot la, Senatè Chuck Schumer, di limenm ak senatè McCain zanmi depi trè, trè lontan e tokay repibliken li a demontre yon kouraj ekstraòdinè paske li vote ak kan Demokrat la. Senatè Schumer kontinye pou l di:

“Nou te viv yon moman ekstraòdinè, e nou dwe bay anpil moun kredi pou sa; men nan tèt lis sa a, nou dwe mete non 3 moun ki montre yon kouraj ekstraòdinè, kote yo reziste pran desizyon anba gwo gwo presyon pou fè sak ki pa nan enterè pèp ameriken an, e nou dwe plase non senatè John McCain an premye. Senatè repibliken, eta Arizona a John McCain, Lisa Murkowski, eta Alaska ak Susan Collins eta Maine, se 3 senatè repibliken sa yo ki te vote ak demokrat yo pou koze defèt pwopozisyon swen sante a ak 49 vwa e 51 vwa kont lwa a.

Kongrè Ameriken an nan Capitol, Washington. Foto 20 jiyè 2017.
Kongrè Ameriken an nan Capitol, Washington. Foto 20 jiyè 2017.

Repibliken yo gen 7 lane depi yap eseye ranplase lwa sou swen sante a Ozetazini ki se yon nan pi gwo akonplisman ansyen Prezidan Demokrat Barack Obama, yo rele ObamaCare la. Lè li tap mennen kanpay pou l te vin prezidan nan lane 2008, Mesye Obama te pwomèt pou l vin ak yon pwogram asirans pou tout ameriken kapab genyen aksè ak lasante.

Sepandan depi apre miz an aplikasyon pwogram sa a ki te pase nan tou 2 chanm yo, Repibliken yo pa kache kritike ObamaCare la yo di ki gen plizyè fay ladann, e yo te kontinye fè pwomès pou chanje sistèm nan.

XS
SM
MD
LG