Accessibility links

Breaking News

Direktè Kominikasyon Mezon Blanch la Hope Hicks Bay Demisyon li


 prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak konseye li Hope Hicks (L) . Madam Hicks gen 29 van sou tèt li e li se te pi jèn chèf kominikasyon Lamezon Blanch. Washington, Etazini 17 janvye 2018.
prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak konseye li Hope Hicks (L) . Madam Hicks gen 29 van sou tèt li e li se te pi jèn chèf kominikasyon Lamezon Blanch. Washington, Etazini 17 janvye 2018.

Direktè Kominikasyon Mezon Blanch la, Hope Hicks, youn nan konseye Prezidan Donald Trump ki pi dire nan djòb la, te prezante madi 27 fevriye 2018 la devan yon komisyon nan Kongrè a kap ankete sou lyen ki ta egziste ant kanpay Prezidan Trump la ak Larisi.

Li pat vle reponn kesyon palmantè sou 13 mwa depi l ap travay nan Mezon Blanch. Komite ransèyman Kongrè a kesyone responsab la nan yon seyans ki fèt ak tout pòt fèmen.

Madam Hicks te pòt pawòl biznis pitit fi fanmi Trump la Ivanka avan li tal ede kanpay elektoral Prezidan Trump la nan ane 2016. Depite Adam Schiff, pi gwo Demokrat nan komite a, di madan Hicks reponn kesyon sou kanpay elektoral la jiskaske Prezidan Trump prete sèman men evite kesyon ki gen pou wè ak travay li nan Lamezon Blanch.

Chèf kabinè LamezoN Blanch John Kelly, ki tap reyaji nan yon nòt sou demisyon Madam Hicks, di Madam Hicks se tap fè yon bon djòb e li se te yon konseye moun kapab fè konfyans.

XS
SM
MD
LG