Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Retounen nan Washington Apre yon Vizit an Frans


Prezidan Donald Trump ki tap vizite yon simityè nan Pari kote plizyè sòlta ameriken te antere nan peryòd premye gè mondyal la.
Prezidan Donald Trump ki tap vizite yon simityè nan Pari kote plizyè sòlta ameriken te antere nan peryòd premye gè mondyal la.

Prezidan Donald Trump mete fen nan yon vizit an Frans yè dimanch 11 novanm 2018 la, kote anviwon 70 lidè mondyal te reyini pou onore memwa sòlda ki te mouri nan premyè gè mondyal la, sa gen 100 tan. Lidè ameriken an te vizite yon simityè nan rejyon lwès vil Paris pou rann omay bay sòlda ameriken ki te pèdi lavi yo nan premyè gè mondyal la.

Fòs sekirite afgan yon ki sou pòs kote eksplozyon an fèt la nan Kaboul, Afganistan, 12 novanm 2018.
Fòs sekirite afgan yon ki sou pòs kote eksplozyon an fèt la nan Kaboul, Afganistan, 12 novanm 2018.

Lòt nouvèl se ann Afganistan yo Anrejistre yon Gwo eksplozyon. Yon gwo eksplozyon sakaje kapital Afghanistan an Kaboul. Poko gen okenn nouvèl ki soti pou konnen koz eksplozyon sa a ni si gen moun ki mouri jodi lendi 12 novanm 2018 la. Ajans Frans Press fè konnen eksplozyon sa a fèt devan yon lekòl segondè anba la vil Kaboul.

XS
SM
MD
LG