Accessibility links

Breaking News

Numewo 2 Kore di Nò Remèt yon Lèt Pèsonèl Lidè Kim Jong Un bay Prezidan Trump


Kim Yong Chol, ansyen direktè Sèvis Ransèyman Kore Di Nò a goch ak Sekretè deta Ameriken Mike Pompeo a Dwat.Foto : 31 Me 2018, New YòK,AP/ Seth Wenig.
Kim Yong Chol, ansyen direktè Sèvis Ransèyman Kore Di Nò a goch ak Sekretè deta Ameriken Mike Pompeo a Dwat.Foto : 31 Me 2018, New YòK,AP/ Seth Wenig.

Nimewo 2 Nò Koreyen an Kim Jong Chol vinn Washington vandredi premye jen 2018 pou l renmèt pèsonèlman Yon Lèt lidè Nò Koreyen an Kim Jong un voye bay prezidan Donald Trump. Msye Chol rive nan kapital ameriken an apre 2 jou li pase nan New York pou negosye ak Chèf diplomasi ameriken an Mike Pompeo sou somè prezidan Donald Trump ak Kim Jong Un nan.

Kèk gwo respponsab ameriken fè konnen somè a ki planifye pou dat 12 jen kap vinn la a nan Sengapour ap vanse nan bon direksyon. Sekretè deta Pompeo di somè a ofri yon opòtunite istorik pou prezidan Trump ak lidè Kim Jong Un plase Etazini ak Kore Dunò nan yon epòk kote pral genyen lapè, sekirite ak pwosperite .

XS
SM
MD
LG