Accessibility links

Breaking News

Etazini: Vis Prezidan Mike Pence Anonse Sanksyon ki Pi-di sou Kore di Nò


 Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, ansanm ak premye minis japonè a Shinzo Abe kap pase an revi militè yo nan Tokyo, 7 fevrieye 2018.
Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, ansanm ak premye minis japonè a Shinzo Abe kap pase an revi militè yo nan Tokyo, 7 fevrieye 2018.

Vis-prezidan Etazini an Mike Pence fè konnen Etazini pwal anonse anvan lontan sanksyon ekonomik ki pi di e pi agresif ke li janm pran kont Kore di Nò.

Misye Pence ki te pale konsa apre yon reyinyon ak Premye-minis japonè Shinzo Abe, fè konnen presyon Etazini sou Kore di Nò a pwal kontinye jiskaske otorite nòkoreyen yo abandone pwogram nikleyè ak misil balistik yo a, pou tout tan kap vini.

Vis-prezidan an ap fè yon vire-won nan plizyè peyi sou kontinan Azi a kote antwòt li pwal dirije delegasyon ameriken ki pwal nan Je Olenpik Ivè yo nan Pyeongchang, nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG