Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Fè Konnen Pyongyang Ap Jwe ak Dife ki Kapab Byen Katastwofik pou Kore di Nò


Foto konbinezon ki montre lidè kore di Nò a, Kim Jong Un, 15 avril 2017, nan Pyongyang. Korea, Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan Washington, 29 avril 2017.
Foto konbinezon ki montre lidè kore di Nò a, Kim Jong Un, 15 avril 2017, nan Pyongyang. Korea, Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan Washington, 29 avril 2017.

Prezidan Trump ki tap felisite kominote entènasyonal la pou pozisyon dyanm li pran kont Kore di Nò fè konnen Pyongyang ap jwe ak dife. Prezidan Trump di,Nou fèt pou nou montre nou dyanm, nou deside pase alaksyon e nou pap jwe.”

Ozetazini, Prezidan Donald Trump prezante konpliman li madi 8 out 2017 la, bay kominote entènasyonal la poutèt li leve kanpe kont Kore di Nò sou zafè devlopman zam nikleyè li a. Sepandan chèf misyon diplomatik Lèzetazini an nan l’ONU, Anbasadris Nikki Haley, fè konnen li pa fin sèten dènye sanksyon Konsèy Sekirite a pran kont Pyongyang yo pral fòse Kore di Nò kite pwogram nikleyè li a tonbe. Pandan Prezidan Trump ap pase sa li rele “yon vakans-travay” nan yon sit espòtif pou gòlf li genyen nan Eta New Jersey, li deklare:

“Apre anpil ane echèk, peyi yo ap mete tèt yo ansanm finalman jounen jodi a pou yo fè fas ak danje Kore di Nò poze a. Nou fèt pou nou montre nou dyanm, nou deside pase alaksyon e nou pap jwe.”

Sepandan, anbasadris Misye Trump genyen nan Nasyon Zini an, Nikki Haley, ki tap pale nan yon pwogram nouvèl ki rele “Today” sou chèn televizyon NBC, fè konnen :

“Sanksyon ki prevwa koupe yon milya dola sou ekspòtasyon Kore di Nò yo, pa pral elimine pwoblèm nò-koreyen an. An tou ka, sanksyon sa yo pral voye yon siyal klè e fò bay otorite yo nan Pyongyang.”

Madam Haley raple Prezidan Trump di plizyè fwa tout opsyon yo sou tab la, san bliye yon atak ame, pou detounen menas Kore di Nò a. Pyongyang pa sispann di li posede kounyeya misil ki kapab frape Lèzetazini kontinantal.

XS
SM
MD
LG