Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Meksik Anonse Mesi Sekirite Ki Pi Solid Apre yon Gwoup Migran Eseye Travèse Fwontyè a


Migran karavan sant-ameriken yo ki franchi yon limit sekirite sou fwontyè a nan zòn Chaparral nan Tijuana, Meksik, 25 novanm 2018, tou pre San Ysidro, pwen dantre Ozetazini.
Migran karavan sant-ameriken yo ki franchi yon limit sekirite sou fwontyè a nan zòn Chaparral nan Tijuana, Meksik, 25 novanm 2018, tou pre San Ysidro, pwen dantre Ozetazini.

Otorite ameriken e meksiken pran angajman ansanm pou trennen devan lajistis migran kap komèt zak vyolans sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la. Desizyon konjwen sa a entèvni apre yon manifestasyon pasifik pou pwoteste kont gwo kantite tan pwosesis azil la te pran nan dimanch 25 novanm 2018 la.

Manifestan yo te separe pou fòme diferan gwoup nan entansyon pou pote boure sou teritwa ameriken an. Gad fwontyè te sètoblije lanse gaz lakrimojèn pou kwape pwotestatè sant-ameriken yo.

Minis sekirite teritoryal Etazini an Kirsten Nielsen fè konnen pèsonèl ladwann ak gad-fwontyè ameriken te resewa kout wòck ak kout pwojektil nan men migran karavann yo, e se rezon sa a ki te fòse ajan yo defann tèt yo.

Pandanstan, ministè enteryè Meksik la fè konnen otorite meksiken yo te rive bloke yon gwoup 500 migran ki tap eseye antre Ozetazini pa lafòs toupre pwen-d-pasaj San Ysidiro a.

Meksik pare pou l voye gwoup sa a retounen nan peyi amerik santral yo. Bò kote pa l, Prezidan Etazini Donald Trump, monte sou kont Twitter li, pandan mnem jounen an kote li menase pou fèmen fwontyè a, si Meksik pa pase alaksyon pou kanpe karavan migran sant-ameriken yo.

XS
SM
MD
LG