Accessibility links

Breaking News

Etazini Selebre 'Labor Day' ou Jou Travay Jounen 4 Septanm 2017 la

Sitwayen yo nan New York pwofite bon tan an li fè pou vizite, Central Park, yon plas piblik nan Manhattan pandan jou konje yo ki make fèt travay la Ozetazini. Foto REUTERS/Mark Kauzlarich. 3 septanm 2017.

Isit Ozetazini, premye lendi mwa septanm nan, se Labor Day -- ou "Jou Travay" --se jounen kote yo onore travayè yo epi fè konpliman pou kontribisyon yo pote nan ekonomi amerikèn nan.

Jou sa a te vin tounen yon fèt nasyonal ofisyelman nan lane 1894 apre yon seri de efò sendika peyi a te deplwaye. Pandan plizyè dizèn lane, anpil vil te sèvi ak okazyon sa a pou yo mete sou pye yon seri gwo parad pou onore travayè sendike sektè manifakti yo.

Fèt sa a se yon siyal non-ofisyel ki make fen sezon ete a Ozetazini. Pifò anwplwaye ameriken yo gen konje jodi lendi 4 septanm la. Nan kèk kominote, Labor Day la, "Jou Travay la" se dènye jou anvan ane eskolè a komanse pou ti moun yo.

XS
SM
MD
LG