Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Menase Koupe Plizyè Milyon Dola Èd Etazini a Palestin


Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap rankontre ak Premye minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu nan Davos pandan somè Ekonomi Mondyal la. 25 janvye 2018, Lasuis.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pandan li tap rankontre ak Premye minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu nan Davos pandan somè Ekonomi Mondyal la. 25 janvye 2018, Lasuis.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki rive an Suis jedi 25 janvye 2018 pou gwo Somè Ekonomik Davos la, estime ke Palestinyen yo manke respè pou Lèzetazini e li menase koupe plizyè milyon dola asistans pou Palestin amwens ke yo aksepte patisipe nan negosyasyon lapè Washington ap dirije.

Prezidan Trump deklare, "Yo manke nou dega lè yo te derefize resevwa vis prezidan nou an, Mike Pence."

Lòt nouvèl fè kwè, moun atann yo aske Mesye Trump fè gwo diskou sou nosyon, Lèzetazini dabò yon bagay ki pèmèt peyi lap dirije a enpoze taks sou pwodui enpòte, epi egzije restriktirasyon sète akò komès mondyal. Lidè ameriken ken pou l pran lapawòl vandredi 26 janvye 2018 la.

XS
SM
MD
LG