Accessibility links

Breaking News

Chèf Enèji Atomik l ONU an Di Iran pa an Vyolasyon Malgre Mezantat Washington ak Teheran


Direktè Enèji Atomik Nasyon Zini an, Yukiya Amano, kap bay lanmen ak Prezidan Iran an, Hassan Rouhani nan Teheran, Iran 29 oktèb 2017.
Direktè Enèji Atomik Nasyon Zini an, Yukiya Amano, kap bay lanmen ak Prezidan Iran an, Hassan Rouhani nan Teheran, Iran 29 oktèb 2017.

Direktè Ajans Atomik Nasyon Zini an, Yukiya Amano, deklare dimanch 29 oktèb la la Iran respekte angajman li pran nan kad akò nikleyè istorik li te siyen ak plizyè puisans mondyal, sa genyen apeprè 2 zan.

Mesye Amano kontinye pou l di, "Apati jodi a, mwen an mezi pou m di Iran mete an aplikasyon angajman li te pran nan sans sa." Direktè Ajans Atomik l ONU an fè deklarasyon sa a nan yon konferans deprès nan Teheran, yon konferans televizyon leta iranyen an retransmèt nan tout peyi a.

Anons sa a entèvni nan moman genyen yon mezantant ant Washington ak Teheran konsènan desizyon Prezidan Trump pran mwa oktòb 2017 la pou l pa sètifye nosyon komkwa repiblik islamik la. Pou kounye a, Kongrè Lèzetazini an genyen 60 jou pou deside si wi ou non li pral enpoze sanksyon sou Teheran,

XS
SM
MD
LG