Accessibility links

Breaking News

Etazini: Plis Pase 8 Mil Imigran Dwe Retounen Kat Rezidans yo pou Koreksyon


 Foto yon kat rezidans (Foto koutwazi USCIS)
Foto yon kat rezidans (Foto koutwazi USCIS)
Otorite imigrasyon Etazini yo fè konnen 8 mil 543 moun ki gen rezidans ameriken genyen pou yo retounen kat rezidans yo bay imigrasyon, sèlman paske gen yon erè nan kat sa yo. Moun ke mezi sa a konsène, se moun yo te voye kat rezidans la bay nan lapòs ant fevriye e avril 2018.

Kijan sa kapab afekte moun ki konsène yo? Se sa nou pral wè avoka imigrasyon Larry Fleurantin depi Miami nan eta Florid ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik sou dosye sa a nan mikwo Ronald Cesar nan segman Justice-USA a.

Sètènman, imigran kap genyen pou retounen kat rezidans yo bay Sevis imigrasyon, ap resevwa yon lèt nan men otorite imigrasyon yo, e yap genyen pou yo tounen kat la pa pita ke 20 jou apre yo resevwa lèt imgrasyon an.
Mèt Fleurantin di nou moun ki afekte yo pap bezwen enkyete paske sevis imigrasyon di apre yo fin korije erè a yap voye yon lòt kat rezidans bay moun sa yo 15 jou apre yo fin resevwa kat ki gen erè a.

Lòt kesyon:
Si gen moun ki ta pè voye kat ki gen erè yo tounen, ki sa kap pase moun sa yo?
Imigran ki retounen kat rezidans ki gen erè a bay imigrasyon, pandan yap ret tan nouvo kat-korije a ki sa kap pase si yo ta bezwen vwayaje? Epi èske sa kapab afekte travay yo?
Sèvis imigrasyon Etazini bay yon nimewo telefòn moun ki gen kat ki gen erè yo kapab rele: se 800-375-5283.
Met Fleurantin, avek erè sa a ki genyen sou kèk kat rezidans, èske sa pa pral prolonje kantite tan sa ap pran avan moun sa yo kapab fè demand sitwayènte amerikèn?
Pou plis detay, oditè konsène yo kapab ale sou sit Sèvis Imigrsayon ak Sitwayènte Etazini an nan www.USCIS.

Klike sou lyen odyo a pou plis detay ak Mèt Larry Fleurantin, ki tap reponn kesyon Ronald Cesar nan segman Justice USA, sou dosye imigran ki dwe retounen kat rezidans yo pou koreksyon.
Entèvyou ak Mèt Larry Fleurantin sou dosye imigran ki dwe retounen kat rezidans yo pou koreksyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:28 0:00


XS
SM
MD
LG