Accessibility links

Breaking News

Etazini-Istwa: “Jou Kristòf Kolon” - “Echanj Kolonbyen”


Nan dat 12 Oktòb 1492, 3 bato espayòl, sou direksyon Kristòf Kolon, te ateri sou rivaj youn nan zile ki fè pati peyi ki rele Bahamas jounen jodi a. Anivèsè evennman sa a, ke Lèzetazini selebre chak ane kòm “Jou Kristòf Kolon”, sete kòmansman yon vast echanj mondyal kote lòm ta pral twoke manje, zannimo, plant, pèp ak maladi ki transfòme lemond; se sa yo rele jounen jodi a “Echanj Kolonbyen an.” Pou rezon sa a pi fò istoryen konsidere ane 1492 la kòm ane ki pi enpòtan nan listwa mondyal modèn nan.

Depi ane 1492 sa a, popilasyon mondyal la ogmante plis ke 4 fwa lavalè; pa egzanp, li te double ant 1650 e 1850. Menmsi se yon kantite faktè ki mete ansanm pou bay gwo kokenn chenn devlopman sa a, san di pètèt faktè ki pi enpòtan an se yon amelyorasyon nan kantite ak kalite manje disponib yo. Le fèt ke sou pwovizyon manje ki te deja egziste, lòm te ajoute manje natif natal Amerik yo (tankou mayi, pòmdetè, tomat, pistach, manyòk, anana, piman ak kokoye), se sa ki reprezante faktè ki pi enpòtan an.

Ann Ewòp Santral ak Ewòp di Nò, pòmdetè tounen sous manje ki pi enpòtan pou moun pòv yo. Se nan 17èm syèk la yo te entwodui mayi ak manyòk sou kontinan afriken an; e 2 danre sa yo ta pral ranplase manje tradisyonèl ki te genyen an Afrik kòm pwodui alimantè ki pi enpòtan.

Lè yo te vin entwodui nan peyi Lachin manje ewopeyen yo te dekouvri nan Nouvo Mond la (sitou pòmdetè, mayi ak pistach) sa te bay kòm rezilta yon gwo ogmantasyon nan popilasyon an ant 1500 e 1650. Distans pou 18èm syèk la te rive, plis pase yon tyè popilasyon mondyal la tap viv nan Lachin.

Echanj Kolonbyen an te tounen yon fenomèn mondyal, paske li te pèmèt lòm entrodui nouvo manje nan tout kwen planèt la. Anvan lane 1492 pat genyen zoranj nan Florid, pat gen fig bannann nan peyi Ekwatè, e peyi La Ongri pat konn frui ki rele Paprika a… Se Echanj Kolonbyen an ki pote tomat nan peyi Itali, kafe nan Kolonbi ak Endonezi, anana sou Il Hawayi yo, pye kawoutyou ann Afrik, piman nan peyi Taylann, Lachin ak Lend, epi chokola nan peyi Laswis…

Debakman 3 ti bato sou Il Bahamas te pote yon chanjman san presedan nan direksyon Listwa dimond. Li te fasone lavni lumanite pou plizyè syèk, non pa sèlman akoz dekouvvèt yon nouvo kontinan, men paske sa te pote tou klontak regulye ant dives emisfè nan mond la, echanj komèsyal dirab, menm jan sa te pèmèt echanj dide, e kreye konneksyon ak rankont ant plizyè kilti.

An 1492 divès pèp ki sou tè sa a te kòmanse mete tèt yo ansanm kòm yon sosyete mondyal e se yon bon bagay pou tout limanite….

XS
SM
MD
LG