Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Yon Delegasyon Majistra Kominal Fanm Ayisyèn ki an Vizit nan Washington Fè yon Kout Pye nan Lavwadlamerik


Etazini-Ayiti: Yon Delegasyon Fanm Majistra nan Depatman Lwès Ap Vizite Washington
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:06 0:00

Delegasyon Fanm Majistra nan Lwès yo ak Moun ki te akonpaye yo

Delegasyon an pale de preparasyon ki fèt ann Ayiti nan nivo nasyonal, depatmantal ak kominal pou pwoteje popilasyon nan moman siklòn menase peyi a.

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik resevwa, nan jounen mèkredi 20 septanm 2017 la, vizit yon delegasyon majistra kominal Depatman Lwès peyi Dayiti. Misyon sa a, ki te gen nan tèt li Fednel Monchéry, direktè jeneral Depatman Enteryè ak Kolektivite Teritoryal, te antre Washington sou envitasyon Oganizasyon Ayisyano-Amerikèn pou Avansman Demokrasi, yon antite ki baze nan vil Salisbury, nan Eta Maryland.

Direktè Ministè Enteryè a sou Preparatif Pandan Peryòd Siklòn yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:50 0:00

An plis Misye Monchéry, delegasyon an te ladan n, antwòt, Madame Rosemilla Petit-Frere Saint-Vil, majistra kominal Akayè, ak Madam Darling Joseph, majista kominal Kafou. Nan yon entèvyou ak Sèvis Kreyòl la, D.G. Monchéry ak Majistra Petit-Frère Saint-Vil pale de preparasyon ki fèt ann Ayiti nan 3 nivo (nasyonal, depatmantal ak kominal) pou pwoteje popilasyon nan moman siklòn menase peyi a. Yo bay detay sitou sou 2 ka presi: pasaj Siklòn Irma ak Siklòn Maria

Rosemilla Petit-Frere Saint-Vil, majistra Akayè, sou preparasyon pou pwoteje popilasyon lè gen siklòn
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:08 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w koute deklarasyon Misye Monchéry ak Madam Petit-Frère Saint-Vil.

XS
SM
MD
LG