Accessibility links

Breaking News

Etazini: Senatè yo Prevwa Vote Jodi a Midi pou Relouvri Gouvènman Federal la


Lidè pati majorite a Mitch McConnell, Repibliken-eta Kentucky pandan li tap pale ak repòtè yo nan Sena a, Capitol, diamanch 21 janvye 2018, nan Washington.
Lidè pati majorite a Mitch McConnell, Repibliken-eta Kentucky pandan li tap pale ak repòtè yo nan Sena a, Capitol, diamanch 21 janvye 2018, nan Washington.

Lidè majorite nan Sena ameriken an, Mitch McConnell, prevwa yon vòt lendi 22 janvye 2018 la vè midi, dekwa pou eseye relouvvri gouvènman federal Etazini an.

Palmantè ameriken yo pral gen pou yo vote sou yon mezi ki vize finanse gouvènman an jiska 8 fevriye 2018. Senatè McConnell di: Sizoka, nou pa reyisi rezoud pwoblèm yo nan dat ki fikse a, entansyon mwen se soumèt yon pwopozisyon lwa kap gen ladann dosye DACA a, sekirite fwontyè a ak lòt pwen ki makònen ak kesyon an.

"Mwen gen entansyon parèt tou ak yon lwa pou ogmante bidjè depans pou depatman defans la, asistans nan ka dezas natirèl ak lòt dosye ankò," Senatè Mitch McConnell ajoute.

XS
SM
MD
LG