Accessibility links

Breaking News

Etazini: Ansyen Chèf Kanpay Trump la Anba Akizasyon FBI


Paul Manafort, ansyen chèf kanpay Prezidan Donald Trump la, pandan li tap kite kay li nan Alexandria, Virjini. 30 oktòb 2017 nan Washington.
Paul Manafort, ansyen chèf kanpay Prezidan Donald Trump la, pandan li tap kite kay li nan Alexandria, Virjini. 30 oktòb 2017 nan Washington.

Ansyen responsab kanpay elektoral Prezidan Donald Trump, Paul Manafort ak asosye l Richard W Gate III rann tèt yo bay Biwo Ankèt Federal Ameriken (FBI) lendi 30 oktòb 2017 la. Msye Manafort ak Gate se 2 premye moun ki akize ofisyèlman nan ankèt k ap fèt pou konnen si wi ou non Larisi ta enplike nan eleksyon prezidansyèl ameriken novanm 2016 yo.

Yon gran jiry nan Washington te apwouve vandredi pase akizasyon ofisyèl komisè espesyal Robert Mueller pare lage sou do kèk sitwayen yo sispèk ki enplike nan dosye enjerans Larisi te fè nan eleksyon prezidansyèl 2016 la isit Ozetazini.Sepdan, Prezidan ameriken an, Donald Trump, di limen li konsidere ankèt la kòm yon chas-o-sòsyè.

People enter the Federal Court, Oct. 30, 2017, in Washington.
People enter the Federal Court, Oct. 30, 2017, in Washington.

Ekspè legal yo, bò kote pa yo, te deja panse Mesye Mueller byen kapab vize plizyè moun lenkoni ki ta enplike de lwen nan envestigasyon an, ki se yon estraji komisè gouvèbnman ameriken abitye itilize pou kanpe ankèt, espesyalman lè yap chache poze arestasyon kèk pèsonalite ki pi enpòtan.

XS
SM
MD
LG