Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Eksplozyon Fèt nan New York; Lapolis Fè Konnen li Arete yon Sispèk


Lapolis ak ponpye ki sou plas kote eksplozyon an fèt nan New York, lendi 11 desanm 2017 la.
Lapolis ak ponpye ki sou plas kote eksplozyon an fèt nan New York, lendi 11 desanm 2017 la.

Lapolis nan New York fè konnen yon bonm sote nan yon gwo estasyon otobis nan Manhattan byen bonè lendi 11 desanm 2017 la.

Chèf Polis New York la, James O' Neill idantifye sispèk la ki rele Akayed Ullah, yon jèn òm 27 tan. Li te atache sou li yon eksplozyon atizanal ki te fèt ak mwayen teklnoloji fèb. Ullah te soti blese apre li te entansyonèlman detone bonm nan.

Polis ki sou lye ekplozyion Manhattan nan
Polis ki sou lye ekplozyion Manhattan nan

​Mesye O'Neill, ki te gen bò kote li Gouvènè New York la, Andrew Cuomo, ak Majistra vil la, Bill de Blasio te pale ak ripòtè yo sou lye ensidan an ki rive nan mitan vil Manhattan apre yon tren te fin debake anpil moun ki tap mache sou totwa 42è ri a.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, ekri sou kont Twitter li pou l di Prezidan Donald Trump resevwa nouvèl sou atak la.

XS
SM
MD
LG