Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Dosye Bonm Atizanal la Kreye Laperèz nan Okazyon Eleksyon Mimanda yo


Kò espesyalize polis New York la nan Time Warner Center nan Manhattan nan moman dekouvèt yon bonm atizanal nan medya ameriken, CNN, New York, 24 oktòb 2018.
Kò espesyalize polis New York la nan Time Warner Center nan Manhattan nan moman dekouvèt yon bonm atizanal nan medya ameriken, CNN, New York, 24 oktòb 2018.

Mwen pase 2 semèn avan eleksyon mimanda yo pou renouvle plizyè syèj nan Kongrè ameriken an yon bagay ki vin kreye laperèz ak dout nan tèt anpil moun se dosye yon nonm lapolis arete vandredi pase a apre li fin voye adrès plizyè lidè demokrat, yon pakè ki gen yon bonm atizanal ladan.

Otorite federal yo te anonse vandredi 16 oktòb la ke sispèk, ki responsab aksyon sa a anba men otorite lajistis yo. Dapre sa medya ameriken yo rapòte, lapolis arete sispèk la nan lokalite Olantation nan Florid, tou pre Miami. Televizyo lokal yo montre videyo kote lapolis ap ekszaminie yon kamyonèt blan ki chaje ak postè politik ki kouvri tout fenèt li.

Aksyon voye kourye anbale ak bonm atizanal nan adrès lidè pati demokrat yo vin renouvle atansyon moun sou pawòl piman bouk sou sèn politik la e ki pandan lontan kreye yon atmosfè divizyon Ozetazini. Li se tou yon apèl pou tou le 2 pati yo mete dlo nan diven patizan yo nan avan dewoulman eleksyon mimanda yo.

XS
SM
MD
LG